Pwogram CDPAP

 

Kisa “CDPAP” a ye?

“CDPAP“ Home Family Care (HFC) se pwogram asistan pèsonèl pou kliyan ke biwo Medicaid
vil New York la fonde.
Sa ba ou opòtinite pou ou vin yon kliyan swen adomisil pou fanmi, zanmi, ak manm fanmi ou
yo. Y ap fòme asistan pèsonèl la epi kliyan an oswa reprezantan ki deziyen an ap sipèvize l.

Kiyès ki kalifye pou patisipe nan pwogram CDPAP a?

Pou patisipe nan pwogram asistan pèsonèl dirèk pou kliyan an, ou dwe:
Kalifye pou Medicaid, epi
Kalifye pou resevwa swen alontèm atravè yon plan swen alontèm (long-term care plan, MLTC)

Ki avantaj “CDPAP” a?

Pwogram nan pèmèt kliyan yo gen libète pou chwazi kiyès yo vle pou asistan pèsonèl yo.

Kijan “CDPAP” a fonksyone?

Lè ou fin kalifye pou CDPAP epi apwouve kantite èdtan sèvis Pwogram Jesyon Swen Alontèm
nan, apre sa w ap chwazi kiyès k ap asistan pèsonèl ou. W ap dwe genyen de asistan pèsonèl ki
pare. Youn se asistan pèsonèl prensipal, lòt la se asistan pèsonèl bakòp. Moun sa ka yon manm
fanmi, zanmi, oswa pwòch men li pa ka mari/madanm oswa reprezantan moun nan deziyen an.
Li enpòtan anpil pou ou santi w alèz ak moun ou chwazi pou lakay ou an, epi ke li ka ede ou nan
aktivite kotidyen ou yo.

Home Family Care responsab pou:

Trete pèman chak moun ki bay sèvis yo atravè Home Family Care. Y ap
trete pèman yo chak semèn, lè Home Family Care resevwa fèy prezans lan nan men asistan
pèsonèl la epi verifye ak kliyan an.
Se eta New YorK ak lwa federal la k ap jere pèman yo.
Kowòdone tout kesyon ki lye ak kalite travay pou chak asistan pèsonèl.
Kenbe yon fichye konfidansyèl pou tout asistan pèsonèl ou chwazi.
Asire gen yon dezyèm asistan pèsonèl bakòp ki anrejistre nan HFC nan ka asistan pèsonèl
prensipal la pa disponib.

No Comments

Sorry, the comment form is closed at this time.